dimanche 8 mars 2015

8 mas : yon fèt ou yon selebrasyon ?

Jou 8 mas la se yon jou ki gen anpil enpòtans nan je lemond. Se jounen entènasyonal dwa fanm yo. Jou sa se yon fèt ou yon selebrasyon?
Yon rale mennen vini pral ede n' klase jou sa.

Se nan lane 1977 ke loni ap konsakre, ou pito ofisyalize, 8 mas jounen entènasyonal dwa fanm yo. Se jou pou fanm fanm yo fè parèt fyète yo antanke fanm, se jou tou pou yon lòt fwa yo fè santi, raple ke yo la. Sou rezo sosyal yo sitou gen mesaj kaph sikile, fanm kou gason ap swete fanm ''bòn fèt''.
Men èske se yon fèt li ye vre?


Si jès sa nan fòm parèt nòmal e bon, men nan fon, se diferan.
Jou sa pa ta ka yon jou pou fi ap fete, men pito pou reflechi, pou panse sou estati yo nan sosyete a, pou selebre viktwa ke yo ganyen nan lit la. 
Daprè sit www.8mars.info , yo dwe toujou selebre jou sa toutan ke yo poko reyisi nan lit la.

Nou wè trè byen ke 8 mas pa yon fèt, men yon komemorasyon. Selebrasyon lit pou dwa fanm respekte. Ki fanm? Tout fanm!
<< ... 8 mas pa yon fèt, se yon selebrasyon, komemorasyon lit pou dwa fanm yo... >> deklare nan kad yon aktivite Cecrej (Centre Culturel de Recherche pour l'Épanouissement de le Jeunesse) te òganize sòti lendi 2 pou rive nan vandredi 6 mas, Danièle Magloire yon sosyològ, feminis alafwa, ki te la nan dènye jou a.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire